Depi premye semenn desanm 2008 nou gen 2 estajè, chak fwa pou 3 mwa, k ap bay yon kout men nan pwojè a. Se Fakilte Syans Imèn nan ki te ofri nou yo. Nou kòmanse byen apresye prezans yo.
Sèvis distribisyon an : Chak mwa Jan-Denis Tanis ap prepare gwo pakè yo. Wilgard Belange ap prepare jounal yo ki pou ale lapòs.
Sou kisa Bon Nouvèl ekri ?
Bon Nouvèl vle bay enfòmasyon sou sa k ap pase, lèfini li vle bay anpil fòmasyon sou Pawòl Bondye, lavi legliz la, lajistis, edikasyon, lasante, agrikilti, anviwònman, elatriye...
Ribrik ki te pran anpil plas te konn rele : Avangou, Koze mande chèz, Dosye, Pawòl Bondye, Paj fanatik, Ti Tonton nan Pwoblèm, Konesans se richès, Konnen peyi ou osinon Touris Lokal, Paj fanatik, Paj pou jèn yo, Espò, Blag ak jwèt, elatriye...
Ki moun jounal Bon Nouvèl al jwenn ?
Moun oubyen pawas oubyen òganizasyon ki gen abònman. Nou jwenn yo nan touledis depatman yo.
Moun oubyen pawas nan diyaspora ki gen abònman. Konsa jounal Bon Nouvèl ale Ozetazini, Kanada, Meksik, Baamas, Brezil, Lafrans, Bèljik, Peyiba, Almay, Laswis, elatriye.
Moun k ap achte jounal la nan biwo a oubyen nan men revandè yo.