Ekip la ki pote chaj pwojè Bon Nouvèl la sou do l, vin redwi a 6 moun, apre lanmò Merfy Jirolien (novanm 2007).
Kounye a nou gen Pè Janpyè Nzemba Wayi, ki se direktè, epi Wilgard Belange, ki se kontab pwojè a epi ki reskonsab libreri liv lekòl yo, gen Fleurilia Mathieu ki fè akèy la, pran telefòn epi ki reskonsab travay pwomosyon jounal la. Jean- Denis Tanis, li menm òganize distribisyon jounal yo. Gen Madam Parnel Corneille (Rosilia François) ki se sèl moun ankò ki nan sal redaksyon an. Gen Yolène Charlite ki reskonsab antretyen an ak òganize afè manje pou manm nan ekip la.