[./04als1.html]
[./04als3.html]
[./04als4.html]
[./04als5.html]
[./04alform.html]
[../page_1.html]
[../page_2.html]
[./04alhome.html]
[../page_3.html]
[../page_4.html]
[Web Creator] [LMSOFT]
Pwoblèm teknik te lakoz apre kèk ane se nan lòt enprimri yo te bezwen ale pou jounal la te ka sòti. Konsa pandan kèk tan yo te fè l nan Enprimri Metodis la. Apre sa se nan Enprimri X-Press yo te jwenn sèvis pandan plizyè ane, jiskaske yo te al enprime l nan Enprimri Lakay, ki pou fondasyon Bwa Kayman an. Enprimri Dezantiy te konn depane pwojè a kèk fwa tou.
Istwa pwojè a
Se an avril 1967 premye nimewo jounal la te parèt. Papa ti bebe sa a te rele pè Joris Ceuppens. Pè Joris setè yon misyonè Esket, ki te rive an Ayiti nan lane 1959. Li te jwenn manda pou l te komanse mete yon jounal kreyòl sou pye, nan yon reyinyon kèk pè Esket ansanm ak Monseyè Emmanuel Constant t ap fè nan presbitè Ench la, pandan Monseyè te ale la ansanm ak pè Joris pou konfimasyon.
 




  
Pè Joris tèlman pran swen pitit sa ki fèk fèt la, ki fè li vin devlope jiskaske li tounen yon bèl demwazèl jounal an 2 koulè sou 24 paj. Pè Joris mouri jou ki te 20 desanm 1982. Jounal la te gen 15 lane sou tèt li. Pè Henri Kaal te pran plas li kòm direktè jounal la jis nan lane 1988. Apre li menm se pè Paul Bouchaert ki te pran latèt pwojè a. Nan lane 1995 se pè Jan Hoet ki te pran mayèt la rive 1º oktòb 2009. Depi lè sa a se Pè Janpyè Nzemba Wayi ki nan tèt pwojè a kòm dirèk.
  
Konsa premye nimewo jounal «Bon Nouvèl» la te parèt nan mwa avril 1967. Pè Joris te ekri l nan fonetik ONEC la ki te fèk sou moun nan kad kanpaj alfabetizasyon Franswa Divalye te mete sou pye.

Se nan enprimri Lafalanj (La Phalange) yo te fè l. Yo te enprime 4000 nimewo, li te gen 8 paj epi li t ap vann 10 kòb. Piblik la te byen akeyi jounal la. Depi nan komansman Bon Nouvèl te jwenn pèmisyon pou l te enstale biwo l nan etaj enprimri Lafalanj la, enprimri acheveche ki nan ri Pave a.
  
Katedral Ench la an 1967
Defen pè Joris Kepens (1913-1982), fondatè jounal la
Devan pòt kay enprimri Lafalang an 1970
premye nimewo jounal la (avril 1967)
Se sou près sa a premye jounal Bon Nouvèl yo te enprime
près nan enprimri Bwa Kayman
Enprimri Lafalanj en janvye 2009. Biwo Bon Nouvèl se nan premye etaj la li ye
devan pòt kay enprimri Lafalanj an janvye 2009