Pwomosyon lang kreyòl la, paske se lang sa a pèp Ayisyen an pale. Bon Nouvèl vle batay pou lang pèp la ka tounen zouti edikasyon li, pratik relijyon li, konmès li, aksyon politik li ak tout lòt aktivite l yo. “Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou”.
Ofri bon lekti ak tout kalite enfòmasyon ak fòmasyon bay moun ki te aprann li ak ekri nan sant alfabetizasyon yo ak tout lòt moun ki renmen lang manman yo. Fòmasyon sou relijyon, pawòl Bondye, lasante, agrikilti, elatriye.
Ankouraje moun pwodwi tèks, pwezi, istwa, blag nan lang kreyòl la.
epi patisipe nan tout aktivite ki gen kòm objèktif
pwomosyon lang kreyòl la
"Baton ki nan men ou, se ak li ou pare kou"
Pandan kèk lane Bon Nouvèl te pibliye yon dezyèm ti jounal ki te rele "Yonn grenn Sèl" ki te fèt espesyalman pou moun ki te fin aprann konn li ak ekri. Li te blije kanpe paske pa t gen mwayen pou kontinye ankò.