Konnen Peyi ou
Bon Nouvèl te angaje l pou l fè lektè li yo konnen pwòp peyi pa yo : Ayiti
Konsa pou ribrik ki rele “Konnen peyi ou” osinon "Touris lokal" Bon Nouvèl te deja vizite pou l fè repòtaj etan :
Kòniyon, Tomazo, Kazal, Kenskòf, Fisi, Fonverèt, Leyogann, Akayè, Silo, Mòn Sen Jid, Vilajdedye, Site Okay, Kabarè, Tigwav (Depatman Lwès).
Foredepen, Belans, Marigo, Kayjakmèl, Lavale, Benè, Brezilyèn, Jèdo (Depatman Sidès)
Kotdefè, Fondeblan, Sikreri Anri, Kanperen, Pòtapiman, Chadonyè (Depatman Sid)
Bomon, Koray, Chadonèt, Dichiti, Pestèl, Leyon, Wozo (Depatman Grandans)
Poto, Gwomòn, Trèy, Petitrivyè, Gransalin, Dedin, Cheno, Verèt, Machann Desalin (depatman Latibonit)
Pòdepè, Chansòl, Janrabèl (depatman Nòdwès)
Plezans, Laviktwa, Rankit (depatman Nò)
Monben Kwochi, Fayeton, Ferye, Akil Samdi, Tèrye Wouj (depatman Nòdès)
Beladè, Sodo, Domon, Lospalis, Sèkakavajal, Mibalè (depatman Sant)
Ansavo, Petitrivyè, Lazil, Miragwann (depatman Nip)
Bon Nouvèl t al vizite kèk kote tou andeyò peyi Dayiti. Konsa li te fè plizyè repòtaj sou batèy ki nan zòn Tamayo an Dominikani ak yon repòtaj sou peyi Kiba, peyi Gwadeloup ak peyi Jamayik.